Batay  ouvriye

 

 

KANMARAD OUVRIYE, ZANMI TRAVAYÈ, PEYIZAN, TOUT TI MACHANN,

TOUT CHOMÈ, TOUT PWOGRESIS KONSEKAN, KAN PÈP LA AN JENERAL,

MEN DEMOKRASI PATWON YO!

Patwon BAT ouvriye k ap mande touche salè, lage ouvriye nan rigòl, lapolis mennen l lopital, li fè 3 jou nan sewòm... Jounen jodi a, yon lane pi ta, ouvriye a poko janm wè klè nan je kote li te pran kout kròs zam sekirite patwon an.

·                Patwon pa arete.

·                Patwon awogan, près derefize bay ouvriye a prestasyon legal li.

·                Plent depoze devan tribinal, rejte sou baz yon fòt òtograf Komi­sè Gouvènman an ak yon atik lalwa ki anile depi dig­dan­tan.

 

LÈ, KOUNYE A, KA A RETOUNEN DEVAN TRIBINAL ANKÒ,

JIJ DEREFIZE JIJE L SOU PRETÈKS PANKAT “TWOUBLE ANBYANS LA”!

 

Konprann. Konprann, konprann. Mèt peyi yo achte peyi a lajan kontan.

Jij abize de sa yo rele “pouvwa diskresyonè” ki ba yo dwa leve seyans depi yo santi yon sitiyasyon dekontwole. Paske:

·                Pat gen bri ni lòbèy. Anbyans la te trè kalm. Ouvriye ki te vini ak pankat “jistis pou ouvriye” te byen dakò e swiv rekòmandasyon avoka yo pou yo sòti deyò sal la ak pankat yo.

·                2 mo potko di nan pwosè a, jij la chache PRETÈKS pankat yo pou “depòte” ka a, ranvwaye pwosè a san bay dat.

·                Kou Siprèm Etazini fèk jije Bush ak Gore nan mitan yon kalite leskonbrit LÒT NIVO! Pwosè Pinochet, Lwima, Diallo, pwosè sou avòtman, tout kalite pwosè toujou fèt nan de kalite lòbèy LÒT NIVO! 

KI MONTRE NOU AKLÈ: Nan sistèm lajistis yon sèl ti klas moun peyi d Ayiti, klas patwon yo nan Okap bay gwo prèv kouman yo METE MEN SOU LAJISTIS LA, FOURE L NAN BOUNDA PÒCH YO, TRANBLAD jij yo douvan DEVWA yo pou yo jije ESPLWATÈ tankou sa yo rele DANYÈL ZEFI a. Jij pito fèmen bouch a ouvriye yo, wete dwa konstitisyonèl nou pou nou pale pawòl nou nan men nou... tan pou yo pran RESPONSABLITE yo JIJE PATWON.

 

Chak yo bwè jistis la konsa, yo fristre klas ouvriyè a, travayè yo ann antye. Lè y ap fristre ouvriye yo konsa, se pi bon l ap pi bon pou klas patwon an? Oubyen l ap pi mal?

Jijman an pa fèt: Pa gen pwoblèm!

Pa fèt la pa anyen. Pa fèt la pa anyen.

Chak retade jijman an retade: Se laji l ap laji! L ap pran fòs! L ap pran baz!

 

YON JOU POU CHASÈ, YON JOU POU JIBYE!

JIJMAN SA A, YO PA KA BWÈ L!

SE FÒS BATAY OUVRIYE YO AP PRAN FÒS!

 

DANYÈL ZEFI: OU GEN POU RIVE NAN PRIZON POU Y AP KALE TÈT A W!

E LÈ SA A, RIVE W NAN PRIZON, W AP BYEN KONTAN

PASKE DEVAN PÈP AYISYEN, SE PI PITI BAGAY KI AP KA RIVE W!

 

janvye 2001