MINISTERE DES AFFAIRES SOCIALES

 

 

No..BRN/MAST........... . .                         Cap-Haïtien, le …26/10/2 000…

 

 

PROCÈS – VERBAL DE LA SEANCE DE CONCILIATION

DU JEUDI 19 OCTOBRE 2 000

______________________________________________________

 

 

      

Suite à la plainte déposée par les Ets NOVELLA au Bureau du Travail, au début du mois de Mai 2 000 et au mouvement de groupe du Syndicat de la sus-dite Institution, la Direction du Travail du Bureau Régional du Nord du M.A.S.T.  s’est fait le devoir de se rendre au camp des Ets Novella situé au Sud du Parc St-Victor, Lafossette, aux fins d’en­quête, question de trouver les éléments de preuve sur l’affaire opposant les Ets Novella à la dame Christiana Théléon. Arrivés sur les lieux, les enquêteurs ont pu interroger 17 trieuses sur l’incident qui s’est produit, il y a quelques temps, au niveau du camp. Cinq s’en sont abstenues de parler, 12 d’entre elles ont répondu ce jour-là, Madame Christiana s’était comportée très mal vis-à-vis de son supérieur immédiat Jn-Bard. Car, ont-elles affirmé, sans ambages, que c’est suite à une affaire de Tontine mal gérée que cette dernière, non satisfaite, a quitté son travail pour aller demander compte à une autre ; situation qui a entrainé une tension énorme au camp. Et, afin de remédier à cet état de fait, le commis Jn-Bard a suspendu pour 3 jours la dame Christiana qui, au lieu de se montrer conciliante vis-à-vis de son supérieur immédiat, en a profité pour invetiver ce dernier. Ainsi, vu l’atmosphère qui y régnait, le commis a sollicité l’inter­vention du Directeur des Ets Novella qui, après l’audition des deux parties, a décidé de mettre fin au service de la dame Christiana Théléon. Tout au moins c’est ce qu’on affirmé les 12 trieuses interrogées.

 

Jeudi 19 Octobre 2 000, vers les 10 heures A.M. sur la demande des deux parties, une séance de conciliation a été organisée dans le but de trouver le mot du droit qui aurait la vocation de clore le différend qui les oppose. Alors que les ets Novella entendent maintenir sa position estimée légale, les avocats de SOEN protestent pour dire qu’il s’est agi d’une révocation illégale, question pour eux de réclamer des dommages-Intérêts en faveur de la dame Christiana.

Etant donné que les enquêtes préalablement menées ont révélé la justesse de la décision prise par les Ets Novella, ce, après avoir été victime d’une grave perturbation du Travail par la trieuse, Christiana Théléon, le 28 Avril 2 000, la Direction du Travail, à la lumière du code du Travail, en son article 42, alinéa « a », a approuvé la révocation de cette dernière qui, par son attitude belligérente, a entraîné une grave perturbation à la discipline du camp le 28 Avril 2 000. N’était le sens de responsabilité du commis, ce virus aurait pu s’étendre à toutes les trieuses du camp. Ce qui aurait généré une levée de boucliers de la part de ces derniers, le cas échéant.

Donc, tenant compte de toutes les considérations combien fondées, la Direction du Travail déclare que la révocation du triblion, Christiana Théléon, est tout à fait légale, et du même coup, entend par là clore le dossier qui n’a que trop duré.

Et c’est droit.

 

 

DIRECTEUR DU TRAVAIL

BRN/MAST

 

 

      

 

 

SENDIKA OUVRIYE ETABLISMAN NOVELA                                                   Okap Ayisyen

20 novanm 2000

Pou : Direksyon Afè Sosyal

Sot nan :  SOEN

Objè :     “Pwosè-vèbal” Seyans Konsilyasyon ka Krisyana Leyon     

 

Mesye,

Vandredi 17 novanm 2000 la, nou resevwa swadizan “pwosè-vèbal” biwo w la sou afè revokasyon Krisyana Teleyon. Dokiman sa a, nan omisyon l, pati pri l ak prezantasyon enkorèk fè yo, revòlte nou tout ni nan Sendika a, ni nan tout lòt Sendika Batay Ouvriye nan Nò yo.

  1. Tou dabò, n ap fè remake dokiman an date 26 oktòb: kidonk, twa semenn konplè pase ant dat ki make sou rapò a ak dat nou resevwa l. E afè a menm remonte a debi mwa ME 2000, kidonk plis pase 6 mwa. Yon demi-lane! Prèsk 1 mwa - pou redije yon rapò ki gen mwens ke 2 paj!
  2. Malgre Sendika a t ap monte desann nan Afè Sosyal sou ka sa a pandan TOUT TAN AN, se sèl lè patwon an, Dànyèl Zefi, mande “seyans konsilya­syon” an, nan debi mwa oktòb la, Afè Sosyal resi fè dilijans sou ka a. Depi la, nou te gen dwa sispèk rezilta “konsilyasyon” an. Sitou lè, pa egzanp, Biwo a te bay randevou pou seyans konsilyasyon sa a 11 zè, Zefi pase a 9 è, l ale, Afè Sosyal gen tan di se nou ki te gen tò, gen lè se pou nou te prezan depi lavèy pou ap tann Zefi nan lè li te deside pase a? Ki fè nou te deja klè sa ki ta pral sòti nan “pwosè-vèbal” sa a. E lè Zefi te parèt, jou 19 oktòb la, Afè Sosyal t ap ensiste pou Krisyana Teleyon pale an labsans avoka l ki potko vini: la ankò, nou te trè klè rezilta ki ta pral sòti yo.
  3. Jan Afè Sosyal sitou ta dwe klè, yon kesyon toujou gen plizyè fòm li prezante. Rapò yon seyans “konsilyasyon” ta nòmalman dwe ap montre tou tout diferan fòm sa yo, menm lè ke alafen, li balanse yo e li bay youn nan pati yo rezon final la. Poutan “pwosè-vèbal” Afè Sosyal sa a pa nan bagay konsa: annik ouvriye a te klèman an tò nèt nèt nèt erezman Zefi prezan pou mete lòd nan dezòd. Lekti rapò a, kidonk, nou te deja sipèk li. Malgre tou, nou sezi wè nan ki degre rapò a kareman patizan, anfavè a patwon inikman.
    1. Premye enspeksyon Afè Sosyal te fè nan Kenp touswit apre nou te depoze plent la, nan premye semenn me 2000 la, pa rapòte pyès nan pwosè-vèbal la. Pandan enspeksyon sa a, madam Rose-Marie Lucien, manm Komite Sendika a, te prezan e temwen dyalòg direktè Afè Sosyal la ak Komi Jean Baptiste Mompoint. Jan nou te rapòte l nan Entèvansyon #14 Sendika a (7 me 200 - ke nou te fè Afè Sosyal twouve) Direktè a te mande Komi a prèv li te genyen pou rele madanm nan “lougawou”. Komi a te reponn se moun ki te enfòme l de sa. Lò Direktè a te mande non moun sila yo, li te bege, li pat kapab bay non moun ki te rapòte l rimè sa a. Kouman fè prèv yon akizasyon gratwi konsa pa rapòte nan dokiman leta ki sanse ap “konsilye”, ap chache jwenn verite a? Kouman fè li pa rapòte nan dokiman sa a ki pral tribinal pou jije afè a? Kouman yo rele yon omisyon anraje konsa?
    2. Nou menm nou konprann yon ankèt leta k ap detèmine lavi yon moun, se yon afè d eta, kidonk yon lòt nivo, yon bagay ki pa ni nan sere koze, ankò mwens nan sere kras, ale wè manti! N ap di trè klè: swadizan pwosè-vèbal la di ankèt li te mennen an te pòte l pale ak 17 triyèz, 5 pa reponn, 12 kondane Krisyana Teleyon - poutan nou menm Sendika a, nou fè pati triyèz yo e nou okouran OMWEN 2 MANM KI TE PATISIPE NAN ANKÈT SA E KI TE BAY TEMWAYAJ AN FAVÈ MADAM TELEYON!

Gen lè rezon ki fè Komi Janba – ke “pwosè-vèbal” la pa menm bay bon jan non l! –deside pa bay non moun ki te founi akizasyon mansonjè sa a kont Krisyana Teleyon, se menm rezon ki esplike Afè Sosyal pa bay non nonplis. Ki 12 moun sa yo ki te akize Krisyana Teleyon? Antouka, nou li nou pa pè bay non: 2 moun ki te patisipe nan ankèt la e te bay temwayaj kont Komi Jean-Baptiste se te: Madam Dephanis ak Mme Jan-Klod. KOUMAN FÈ TEMWAYAJ SA YO PA RAPÒTE NAN “PWOSÈ-VÈBAL” SA A?

N ap fè sonje tou lòtre jou la a, Sendika Ouvriye Gwasimal Madlin te konteste menm jan an yon swadizan pwosè-vèbal Afè Sosyal te fè nan ka Richemin Milfort. “Pwosè-vèbal” ankèt sa a, menm jan an, te bay patwon an tout rezon san li pat janm rapòte mo Sendika a pyès; li te menm rive di se Sendika a ki te endwi biwo leta a nan lerè, alòske pwòp Deme­trius, chofè dechè izin la, ta pral siyen yon deklarasyon montre se pa li ki te responsab travayè dechè yo nan jou ki t ap swiv yo.

Pou nou menm nan S.O.E.N., 2 swadizan “pwosè-vèbal” sila yo montre aklè karaktè PATIZAN Afè Sosyal nan Nò ki rapòte, jan li vle, jan ki nan enterè l, swadizan “ankèt” li yo, men esansyèlman l ap KORE PATWON NAN PRATIK ILEGAL E ANTI-SENDIKAL yo san grate tèt.

    1. Ka Krisyana Teleyon revòlte nou piplis toujou, nou menm Sendika a, ke se yon ouvriyèz ki, li menm ak sè l, se pami ouvriyèz ki pi dou nan Etablisman Novela a. Se moun ki pa janm nan pale fò, se moun ki pa janm nan fè kont, nan deblozay, nan pale anpil, nan zafè moun. Se yon bagay ki te dwe rapòte nan ankèt la, klèman li pa ladann. Piplis toujou: nòmalman, d apre lalwa, yon ouvriye ki ta fè yon fòt, direksyon an ta dwe raple l a lòd, ba l sanksyon, ba li lèt de blam. Okenn nan mezi sa yo pa janm pran nan ka madam Teleyon. Annik Komi a joure l lougawou, li reponn li, yo revoke l. Yon bon jan egzanp, kidonk, ki pou montre tout triyèz nan etablisman sa a kouman yo dwe toujou rete tèt ba, zonbi devan direksyon ak administratè yo ki gen dwa di yo, fè yo, nenpòt kisa, yo dwe aksepte.

 

Mesye-dam Afè Sosyal Rejyon Nò yo: Ki fè se konsa nou konprann bousòl sa a ki sanse gide nou, Kòd Travay la? Ki fè se konsa nou konprann dwa ouvriye, travayè nan peyi d Ayiti? Ki fè se konsa nou konprann wòl nou nan Afè Sosyal? Yon ka mèt trennen pandan plis ke 6 mwa, sa pa gade n sa. (Se sèl gras a ensistans nou nan Sendika a, nan tounen, tounen, devan Afè Sosyal toutan nou resi genyen sanse “pwosè-vèbal” sa a - ata jedi ak vandredi 16 ak 17 novanm, se jwe Biwo a jwe ak reprezantan nou ki te genyen randevou pou vin chache pwosè-vèbal 26 oktòb la!). E KI PWOSÈ-VÈBAL! KI PWOSÈ-VÈBAL! Apenn 2 ti paj plen omisyon, plen koze sere, plen patipri! Nou konprann trè byen.

 

 

Salitasyon.

 

 

Pou Sendika a:                                                              Jeanine Robert, Sekrektè

 

 

 

cc:        Biwo di Travay ak Direksyon Jeneral Afè Sosyal, Pòtoprens

            Gwoup Asistans Jiridik, GAJ