SENDIKA OUVRIYE GWASIMAL MADLIN        S.O.G.M.

Entèvansyon Nimewo 7                                22 novanm 2000

 

 


Ouvriye, ouvriyèz Gwasimal Madlin,

 

MOBILIZE! MOBILIZE! MOBILIZE!

Yè lendi 20 novanm la, gen yon sitiyasyon absè sou klou ki prezante nan izin la ki fè nou tout ouvriye oblije pran yon desizyon. Se kote Mompoint Bernard, manm sendika a ke nou tout konnen trè byen ki malad depi yon bon tan, te fè pitit li ranplase l nan travay la. Se nòmal: travay la pa gen anpil moun ladan l, lè youn nan nou absan, nou toujou prevwa ranplasman nou. Kontwolè Filip rete li di konsa li refize pou pitit Mompoint Bernard travay pou li, si pitit msye ranplase l jodi a, fòk se yon lòt moun ki ranplase l demen, swit an swit. Eva Petit-Frère, yon lòt ouvriyèz k ap travay anndan an lontan tou, se menm sitiyasyon an ki konfwonte l tou.

Nou menm, manm Asanble Sendika a, nou reyini nou ann Asanble plennyè e nou di nou pakò ak mezi sa a ditou, ditou, ditou. Bagay konsa pat janm konn fèt anndan an, nou pa wè poukisa pou li koumanse kounye a. Tout istwa izin la, se toujou mè an fi, pè an fis li toujou konn ye. Ki kalite nouvo règleman sa a direktè Filip ap vin avè l la? Pou nou, se yon fòm izin la ap pran pou anpeche ouvriye yo genyen dwa yo: kouman pou nou ta fè pa kapab absante nou menm yon jou? Lè nou malad fòk nou kapab deziyen moun k ap kenbe pou nou e pataje lajan jounen an akèy, menm jan sa te tou­jou fèt. Se yon reprezay kont Sendika a (ke, dayè, Filip pa janm sispann joure kont li) ki fè Filip vini ak tout sa e nou pap janm dakò.

SE PWOFITE FILIP AP PWOFITE DÈSKE REVANDIKASYON NOU NAN IZIN LAN POKO JANM TWOUVE REPONS: L AP PWOFITE POU LI FIN PASE SOU NOU NÈT! Pi rèd toujou: tout kalite zak ilegal vin ap fèt nan sa, kote lè yon moun kenbe pou nou, jou ferye, 7yèm jou... tout sa rete nan izin lan, nou konstate nou pèdi yo. Semenn pase, pa egzanp, sa fèt pa rapò a 18 novanm lan.

Zak ilegal sa yo, sitiyasyon pase sou tout dwa nou anndan izin lan: nou pap janm dakò. N ap mande direksyon etablisman an vini reprezante anndan izin la vit e prese pou rankontre ake nou sou kesyon sila yo, patikilyè­man pou nou twouve yon bon jan solisyon nan pwoblèm maladi sa. Men n ap pwofite di tou ke Direksyon an deja konnen pwoblèm sila yo, depi byen lontan : nou about! N ap fè Afè Sosyal konnen ke depi nou pa twouve dyalòg sa a nan semenn 20 novanm sa a, nou deja dispoze nou pou nou fè yon arè travay vandredi 24 novanm.

*

Nou ekri Jak Novela tout sa ki di la a. Gade izin la, ki pwogrè yo pòte ladann? ATA BÒT YO: KOTE YO! Gade twalèt yo, kisa ki fèt ladan yo? Gade douch yo, kisa yo fè ladan yo? Gade salè a! Ak tout lavichè a, se yon 6 gouden yo wè yo ta mete sou li! Mèzanmi: TOUT PWOMÈS MESYE ZEFI YO, SE KOZE KREDI! Pi rèd: si nou tout pa kole zepòl ak zepòl, direksyon izin sila yo, se nan sèkèy a kredi li deside voye nou tout!

 

ABA ESPLWATASYON!

VIV LIT SENDIKA OUVRIYE GWASIMAL MADLIN!