SENDIKA OUVRIYE GWASIMAL SEN RAFAYÈL    S.O.G.S.

Entèvansyon Nimewo 1                        22 novanm 2000

 

Ouvriye, ouvriyèz nan Gwasmal Sen Rafayèl,

 

Jounen jodi a, Sendika nou an, Sendika Ouvriye Gwasimal Sen Ra­fa­yèl, ap pale ake nou. Jan nou tout konnen, Sendika nou an LEGAL e li anrejistre nòmalman nan Afè Sosyal Pòtoprens. Poutan, ABI nou toujou ap sibi nan plantasyon an poko janm fini e se chak jou nou gen pou BATAY pou defann dwa nou kont reprezantan direksyon an ki kontinye vle pase yo anba pye, fè nou sèvi bwa dan. Fòk nou tout klè: Sendika nou an, se ZAM nou pou nou kapab BATAY ANSANM, pou nou FÈ RESPEKTE DWA NOU.

 

Nan premye entèvansyon sa a, Sendika a ap poze pwoblèm DIKTATÈ SA YO RELE JEAN-MARIE ST FLEUR, MÒD KONTWOLÈ SA A KI DERESPEKTE TRAVAYÈ PLANTASYON AN, DERESPEKTE SENDIKA A, PRAN PÒZ WA L. Semenn dènyè, kareman, Jan-Mari atake yon manm sendika a, joure l pandan li sou pye zoranj la, manke l dega, imilye l, menase l. Jan Mari mande travayè a sa k te ba l keyi zoranj lan. Lè ouvriye a montre l se ouvriye li ye, l ap keyi zoranj lan tankou tout ouvriye yo, Jan Mari fè l desann pye zoranj lan, di l “flank pat li atè” e menm mande travayè a goumen kareman.

 

Ki pwoblèm Jan Mari menm? Gwo ble a te fini, lame d Ayiti te fini. Ki kote kalite gwo ponyèt sa a sòti?! An reyalite, si nou byen gade, n ap wè aklè: PWOBLÈM JAN-MARI SE SENDIKA A. Dayè, li di sa aklè: “o wi, kòm kounye a, se nou ki chèf, se nou ki ap kòmande. Moun bèt pa dirije moun lespri. Sendika se moun bèt ki ladann. Se politik blan an Sendika ye.”. Jan-Mari konnen fen e byen ak Sendika, reny diktatè l sou Gwasimal FINI! Li pap sa kontinye fè e defè, mete moun li vle keyi lè l vle, si l vle, jan l vle. TI KATÈL A JAN-MARI A FINI! Kounye a, se DWA TOUT OUVRIYE GWASIMAL KI AP GENYEN POU YO RESPEKTE, Jan-Mari ap tounen nan plas li etanke yon senp anplwaye, LI CHITE KÒM WA GWASIMAL! Ki fè: JAN-MARI AP VOYE PYE! Se nòmal.

 

Jan-Mari, n ap tou di w: si se pou sa monchè, OU FÈK KOUMANSE VOYE PYE! Paske WI: nou fèk kare batay menm! E nou deside mete yon fen nan abitrè w la! Ansanm revandikasyon nou yo deja nan men mezon an, e tèt nou kole ANSANM pou nou jwenn satisfaksyon. Peyi d Ayiti, se yon peyi ki gen lwa e GWASIMAL S.A. GENYEN POU LI RESPEKTE LALWA! Zafè moun ap mouri nan plantasyon an, tankou sa te rive kanmarad nou semenn pase a, fanmi l pa rive touche dedomajman, nou pap sitire l pyès!

 

E depi kounye a n ap tou avèti Afè Sosyal ke nou dispoze tanmen yon arè travay nan jou k ap vini yo pou pwoteste kont reny abitrè sa a e egzije respè lis revandikasyon nou an.

 

 

ABA GWO PONYÈT DIKTATÈ WA GWASIMAL YO!

VIV LIT SENDIKA NOU AN!