SENDIKA OUVRIYE MÀNYE-LAPOSTOL (S.O.M.L.)        Okap Ayisyen

 


27 Novanm 2000

Pou: Daniel Zephir, direktè Mànye-Lapostòl Okap

Sot nan: Sendika Ouvriye Mànye-Lapostol (S.O.M.L.)

Objè: SWEN SANTE nan etablisman an.

 

Mesye,

 

Sendika a ap ekri w jounen jodi a sou kesyon youn nan revandika­syon nou te poze ane dènyè ki te sanse twouve solisyon men ki an reyalite rete poze menm jan an. Se pwoblèm jan ka maladi ouvriye yo pa rezoud anndan an. Sendika a te deja poze pwoblèm sa a ake ou men nou wè jiskaprezan sitiyasyon an rete menm jan.

 

Vreman vre, mis ki nan dispansè a enfòme nou fòmèlman ke li la sèlman pou mete pansman – tout lòt ka: maladi, tèt fè mal, grip, pwoblèm men moun k ap keyi ak koupe yo, elatriye... pa pou li. Sa vle di dispansè sa a se yon fotokopi li ye, li vid nèt e konsa tou li nil paske li pa gen anyen ki nesesè pou rezoud pwoblèm sante nou ki grav anpil. Sa ki pi di, doktè ki sanse asiyen a sante travayè yo, Dr. Albert nan Okap, enfòme nou ke, pou de rezon ki relve de direksyon an, li gen difikilte asire nou swen sante nou bezwen yo tou.

 

Konsa tou, sendika a te mande w konstwi yon kwizin pou abrite machann manje yo nan jaden yo, yon fason pou garanti sante nou yon lòt fwa ankò, ou te di w te dakò, men nou remake sa pa janm fèt. Ki fè manje kontinye ap prepare nan kondisyon ki pa gen sante ladann.

 

Devan pwoblèm sila yo, n ap pwopoze yon chita pale nan planta­syon an jedi 30 novanm lan, a 10 zè nan maten, ak prezans ni mis la, ni doktè Albert, epitou Afè Sosyal. Sa ap tou pèmèt yon vizit plantasyon an fèt pou kapab idantifye kote pwoblèm sante n ap poze yo chita vre.

 

An menm tan, depi li posib, Sendika a ta renmen tou pwofite okazyon sa a pou poze ak ou kèk lòt pwoblèm ki ap ban nou gwo kè sote, sitou pwoblèm prezans lapolis nan plantasyon an ak sistèm radyo-kominikasyon ak biwo Okap ki se yon nesesite pou travay la.

 

Salitasyon,

 

Pou Sendika a, Julsaint Joseph, Sekretè

 

cc: BRN/MAST

     Dr. Daniel Albert

     Gwoup Asistans Sosyal (G.A.J)